À la une

Ayiti: Etazini gentan sanksyone anpil moun k ap sipòte gang nan peyi a

image

Diplomat ameriken, Eric Stromayer deklare se pa sèlman viza moun nan sektè prive ak politik k ap finanse oubyen ranfòse Gang yo an Ayiti peyi Etazini ap koupe. Li asire tou, gouvènman ameriken an ak plizyè lòt patnè l ap bloke kont bankè moun sa yo gen nan peyi etranje.

Nan menm entèvansyon sa, chaje dafè ameriken an fè konnen gentan gen yon lis moun nan peyi a ki deja resevwa sanksyon sa, kote yo p ap ka vwayaje pou rive Etazini. Li asire, lis moun sa yo deja konn tèt yo. Sepandan anpil kesyon ap poze, kote nan opinyon piblik la moun yo ap mande poukisa lis sa pa ofisyèl epi pou tout moun okouran de li.

Selon plizyè sektè sizanka ameriken ta soti yon lis konsa vre, gouvènman ayisyen an ta dwe tou arete moun sa yo, pou gen bon swivi ak lajistis ki fèt sou yo, paske kalite moun sa yo fè peyi a twòp mal.

Exode News la pou enfòme w !

image

La Rédaction

La Rédaction

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant