À la une

Aprè 8 lane renmen, koup Ad-Lysa pa lwen marye

image

Koup Ad-Lysa se yon koup fiyanse ki tounen yon modèl anpil moun ap swiv sou rezo sosyal yo. Bon non yo se, Pierre Macner Adly ak Joinice Laura-Rose Samentha. 2 moun sa yo montre yo damou tout bon epi toujou ap pot konsèy sou rezo sosyal yo. Staff Exode News la t al fè yon ti chita pale ak yo pou konnen opinyon yo sou zafè maryaj epi kilè yo swete pran angajman sa. Ann swiv:

Selon sa Adly rakonte nou, aprè 8 lane relasyon ki gen ant li menm ak Samentha, an rezime se yon tan kote yo aprann konnen youn lòt epi sipòte lòt. "Renmen se yon etap li ye nan lanmou.Tan pa defini anyen nan yon relasyon men se kisa ou reyalize ou fè pandan dire a. Pou 8 lane sa yo, nou satisfè e n ap goumen pou lòt ane ankò", se sa Adly rakonte.

Bò kote pa l, Samentha reyaji pou l di, 8 ane relasyon li menm ak Adly a vle di anpil bagay pou li. "Mwen aprann anpil de li pandan tan sa, e m pa regrèt anyen. Pou 2 jèn kenbe yon relasyon pandan tout moman sa, se pa bagay ki fasil. M fè anpil anpil eksperyans ak fiyanse m lan. Avè l mwen aprann gen pasyans. Se pi bèl relasyon mwen viv e li nan sans mwen. Nou aprann kreye a nou 2, sa rann nou pi soude chak jou. Nou pa chita pale di bonjou, bonswa chak jou men pito a chak tan nou vini ak nouvote pou prepare avni nou ak pitit nou va genyen an".

Toujou nan menm kontèks sa, Lysa di nou se nan relasyon lòt moun li tande lè relasyon an gen anpil tan, youn konn rebite lòt e pa anvi wè lòt ankò. Konsa, se chak moman nan relasyon an nou make, nou fè plis tan kè kontan olye nou fache. Anpil moun k ap swiv nou ta renmen vin tankou nou.

Sepandan, pou zafè maryaj bèl koup sa anpil moun toujou ap kesyone kilè sa gen pou rive a, Adly fè nou konnen sa p ap pran tan. Se yon rèv, yon pwojè li swete reyalize ak Lysa trè byento. Bò kote pa l, Lysa fè konnen li pat janm swete marye pou fè moun plezi. Men yo pwofite tan renmen an, pou prepare fason yo pral viv ansanm lan. Kòm swè pou relasyon an, Lysa di li vle pou l ret soude ak mesye a jouk lè l mouri, pou lanmou toujou nan mitan yo, pou yo gen lajan epi pou yo alèz.

Swè pa Adly yo pa diferan, li fè konnen li vle pou li menm ak Lysa toujou ini e l konfime nou dat maryaj la gentan planifye.

Exode News la pou enfòme w!

image

La Rédaction

La Rédaction

Laisser un commentaire




wYASIPWf

Your baby also has a higher risk of being heavy macrosomia and of spending more time in a neonatal intensive care unit NICU best online viagra

09 Juillet 2023