Nan Nòdès peyi Angletè, nan rejyon Northumberland nou jwenn yon chato ki gen non *Alnwick*. Nan chato sa a, gen yon jaden espesyal ki fèt ak plant ki ka touye moun. Konsa, yo tou rele jaden sa "The Poison Garden" nan lang anglè a.
Jaden sila gen plis pase 100 varyete pye bwa ki ka touye moun. Pòt ki pèmèt moun antre nan jaden an se yon gwo baryè nwa ki gen yon pakèt tèt mò ak yon pankat ki ekri:
"These Plants can kill " (Plant sa yo ka touye w). La pyès moun pa gen dwa kanpe, manyen oubyen rete pre youn nan plant sa yo menm pou ta pran sant yo.
Travayè k ap pran swen jaden an ak moun k ap vizite l yo toujou mete gan ak lòt rad ki pou pwoteje yo.
*Kiyès ki te gen lide fè jaden sila ?*
Poison Garden se JANE PERCY ki te dichès vil Northumberland ki te vini ak lide sa. Nan lane 1995 fanmi l te eritye chato Alnwick la. Chato sa sèvi kòm dekorasyon nan plizyè fim tankou Harry Potter. Mari dichès la te vle l okipe jaden yo... daprè mesye a, Jane Percy ta fè tan pase nan plante epi nan pran swen ti flè wòz yo. Poutan dichès la te gen lòt lide dèyè tèt li, li te vle fè yon bagay espesyal ki pral fè tout moun sezi, yon bagay ki te plis pase sa mari l ak pyès moun pat janm imajine.
Nan sans sa, Jane Percy te angaje yon achitèk ki espesyalize nan zafè jaden ak peyizaj, JACQUES WIRTZ nan lane 1996 pou ede l akonpli rèv sa. Premye lide a se te kreye yon jaden ak plant ki ka geri moun (Plant medikaman) men aprè yon vwayaj li te fè nan peyi Itali, li te vizite "le Jardin aux poisons de la maison des Médicis" li te renmen sa l te wè a, se konsa li te deside kreye yon jaden kote plant ki ladan l yo se plant ki ka touye moun pito.
Pou kreye jaden li swete a, madanm Percy chèche plant li tande ki ka touye moun nan tout mond lan. Li te chwazi yo sou divès kritè : Plant yo dwe toksik anpil epi yo dwe gen yon lejann ki kache dèyè yo. Nan yon ti tan, li rive rasanble yon pakèt plant tankou : Belladone, Ciguë, Brugmansia, elatriye…
Plant ki pi danje yo, li sere yo nan yon espas apa kote y ap veye sou yo lajounen kou lannwit.
Nan menm jaden sa gen yon espas ki rezève pou plant yo itilize tankou dwòg, pami yo: Opium,Cocaïne, Cannabis, Tabac .
Poison Garden nan pa yon jwèt, gen kèk vizitè ki konn tonbe enkonsyan akoz sant plant ki ladan l yo genyen. Malgre l gen yon non ki fè moun pè epi l parèt yon espas ki ka panike moun, se anviwon 800 000 moun ki vizite bèl jaden sa ki se yon gran eritaj mondyal chak ane.
Exode News est là pour vous informer !
HkVeseTi
Patients with irreversible sterility can be separated from those with potentially treatable conditions or subfertility usually by standard clinical evaluation Table 2 and some simple investigations Table 3 levitra agadir Bullock R, Van Dellen JR, Ketelbey W, Reinach SG A double blind placebo controlled trial of perioperative prophylactic antibiotics for elective neurosurgery
19 Août 2023