Se plis pase 5 milyon timoun ki pa ka al lekòl. Sektè edikatif la se li ki plis touche pandan moman kriz la. Bank komèsyal yo ak yon pil lòt antrepriz kontinye antre gwo lajan. Se volonte ki manke, ki lakoz bagay yo vin matchak konsa.
Pòtoprens, 26 Oktòb 2022.- Altènativ pou lekòl ta fonksyone sou entènèt la pa pa mache pou tout kategori sosyal yo e sa ki voye leson sou watsapp bay elèv yo pa vrèman bay rezilta, sitou akoz yon pil timoun pa gen bon asistans epi pa gen yon pwogram ki byen defini pou travay ak yo.
Anpil sektè nan lavi Nasyonal la pami yo APEP, Asosiyasyon Lekòl Prive yo di li endinye ak sitiyasyon sa ki lakoz timoun yo pa ka pran chimen lekòl, asosiyasyon an fè konnen se paske manke volonte bò kote aktè yo ki lakoz kriz la rive nan nivo sa. APEP raple se yon dwa fondamantal pou tout timoun jwenn aksè pou ale lekòl. "Tanpri souple libere peyi a, kite timoun nou yo al lekòl", se sa responsab APEP yo mande.
Nan sans sa yo ret kwè tou, aktè politik yo, ekonomik ak manm sosyete sivil yo ta dwe met pwoblèm yo akote epi pran bon jan mezi pou soti peyi a nan moman enstabilite sa ki gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a, lavi timoun ak tout lòt kategori sosyal yo.
Exode News est là pour vous informer !
JabyBrere
buy priligy dapoxetine online The development of rapid, accurate, and affordable point of care gonococcal diagnostic tests, new antimicrobials, and gonococcal vaccines is imperative
04 Février 2023